Otonomi,
an kreyòl ayisyen.
Yon aplikasyon pou moun avèg ak moun malvwayan ann Ayiti. Pale, koute, li epi konprann mond lan, menm lè pa gen entènèt.
- Talè sou App Store
- Talè sou Google Play
- GratisPou tout moun
- San entènètApre premye enstalasyon an
- An kreyòlVwa, meni ak repons
- AksesibFèt ansanm ak moun k ap sèvi ak li
Kijan pou w kenbe telefòn nan
Ou pa bezwen wè ekran an: aplikasyon an pale, epi ou sèlman bezwen lonje kamera a nan bon direksyon an.
Yon aplikasyon, anpil posiblite.
Tout bagay fèt ak vwa, an kreyòl. Modèl yo travay sou telefòn nan menm.
- Asistan vokal
- Poze kesyon ou yo ak vwa ou, tankou nan yon konvèsasyon. Repons yo soti nan enfòmasyon ki verifye; lè aplikasyon an pa sèten, li di w sa.
- Lekti tèks
- Vize telefòn nan sou yon dokiman, yon etikèt oswa yon bwat medikaman: aplikasyon an li l pou ou.
- Rekonèt biyè
- Idantifye biyè goud yo. Aplikasyon an di konbyen biyè a vo sèlman lè li sèten.
- Dekri sa ki bò kote w
- Moun, machin ak objè ki devan w, ak kote yo ye: sou bò goch, sou bò dwat oswa devan.
Pwòp modèl pa nou, ki fèt pou kreyòl.
Chak modèl gen yon non epi li mache sou telefòn nan, san li pa voye vwa ou okenn kote pou l reponn.
- Krik
- Vwa aplikasyon an, ki pale ak ou an kreyòl.
- Krak
- Rekonesans vwa a, ki konprann sa ou di.
- Timalis
- Asistan an, ki reponn ou epi ki fè konvèsasyon ak ou.
- WèKòb
- Rekonesans biyè goud yo.
An patenarya ak SHAA
N ap devlope VizyonKreyol ansanm ak Société Haïtienne d'Aide aux Aveugles (SHAA), selon bezwen reyèl manm li yo: nou koute yo, nou fè tès ak moun avèg ak moun malvwayan, epi nou amelyore aplikasyon an nan chak etap.
Teknoloji dwe aksesib pou tout moun.
Nou kwè nan yon Ayiti ki bay tout moun plas yo, kote chak moun, kit li wè byen kit li pa wè, ka aprann, travay, deplase epi patisipe nèt nan lavi sosyete a, ak diyite ak endepandans.
VizyonKreyol se yon èd pou lavi chak jou. Li konplete baton blan an ak moun ki bò kote w, li pa ranplase yo.
Ann pale
Ou reprezante yon asosyasyon? Ou se yon patnè, yon volontè oswa yon moun ki konsène? Ekri nou.
contact@vizyonkreyol.com